musicas.mus.br
Letras de músicas - letra de música - letra da música - letras e cifras - letras traduzidas - letra traduzida - lyrics - paroles - lyric - canciones - BOUSKE SOLèY (FEAT. NEHEMIE BASTIEN) - K-LIB MAPOU - música e letra
Utilize o abecedário abaixo para abrir as páginas de letras dos artistas
Bouske Solèy (feat. Nehemie Bastien) letra
M s on w lotri k nan latrin
K on w latriye nan lapli m ap griye
Yo lapide lavi m
Layite sou lavni m ap kriye
M koupab m e m viktim M pa konn Ki konba m ap livre
Listwa m sou figi m, men si w pa moun ou pap ka li l vre
M an Mal atansyon
M ap viv mal ak tansyon
San eksitasyon, pou bonè m s on w eksepsyon
Kò m tounen prizon m
Presyon ak desepsyon
Poze egzistans Kesyon
M pa ka gad refleksyon m
Rèv mwen ap tatonnen
E m pa fenk tanmen boujonnen
Lide nan tèt mwen makonnen
Sa mwen plante pa janm donnen
Dè fwa gran jounen, mande m kote m ye m pa konnen
Pa vi n kraponnen m
Pou mwen lespwa s on w pawòl
Doulè se mwen ki gen Monopòl
14 zan lekòl se kay tòl
E solidarite sou pewòl
Se pa tout blese tan geri
Pa m yo l pa sispann agrave
M ap souri pandan m ap peri
Desten pa m se nan wòch li grave
M ap viv nan yon paralèl inivè
M pa anvi wè ni moun ni limyè
Nan rèv mwen m anvi al pase
Letènite m
Paske reyalite m s on w lanfè
Nan mitan solèy n ap chache syèl
Lanfè nou gen koulè ke Lakansyèl
Yon lanp tenyen sou avni m di m Lamizè pa kabann
M kwaze lepe ak lanmò chak jou sou wout mwen kadav se po kann
Nan wout lanfè m ap chache lavi
M pèdi lafwa nan chimen lakwa
Lespwa m pa lavil, m pati chache l anba rak bwa
Yo fòse m janbe dlo, bwote m anpile m kou fatra anba pon
Anba po m gen san nèg mawon, m sove men m pa kapon (Non!)
Non m, koulè po m, istwa m te toujou senbòl rezistans
Distans ak tan se rans nan batay pou egzistans
Tankou dlo, lavi pi gou nan bouch sa k pa genyen
Se je w ki louvri chak fwa yon pòt fèmen
Chak klète s on w lòt jou, Nou grandi anba tray
Pa gen pi fon toujou, pito n mouri pandan n ap batay
K-Lib Mapou - Letras
- 2 viktim
- Ak Tout Senserite m (feat. Shelo Pleb Muzic)
- Alyennkat (feat. Wesli & Manno Charlemagne)
- Bouske Solèy (feat. Nehemie Bastien)
- Eske w te Konnen?
- Fake Siksè
- Fè l ak Nou Tout
- Graten (Kraze Bak)
- Istwa Papye (feat. Eddy Francois)
- Lanmou Nan Lapèn (feat. Wid)
- Nan Fon Lannuit (feat. Mawon Ann Di & Vanessa Jeudi)
- Petwopozisyon
- Petwospektiv
- Plezi Kè Sote
- Rewind
- Separasyon
- Tèt a Tèt (feat. Ludas)
top 30 músicas
©2003 - 2026 - musicas.mus.br